Sèvis Èd nan Lang

Flushing Hospital Medical Center sèvi yon kominote ki divèsifye epi fè fyète tèt li nan bay yon varyete sèvis èd nan lang pou pasyan ki gen Konpetans Limite nan Angle (LEP) (Limited English Proficient (LEP)), ki soud, mal pou tande, avèg ak ki gen pwoblèm vizyon ak/oswa konpayon yo. Pou nou ka bay yon aranjman ki rezonab epi elimine baryè lang yo, lopital la ofri pasyan an sèvis ki anba yo san okenn kòb :

  • Entèprèt Medikal Kalifye pou pasyan ki gen Konpetans Limite nan Angle (Limited English Proficient) ak/oswa konpayon yo. Gen kèk anplwaye bileng ki resevwa fòmasyon nan entèpretasyon medikal pa mwayen pwogram fòmasyon entèprèt medikal ki akredite oswa yo twouve yo kalifye pou entèprete enfòmasyon medikal.
  • Founisè Bileng Kalifye ki se natif yon lang etranje tou ki gen eksperyans medikal aletranje oswa yo te evalye yo epi twouve yo kalifye pou transmèt enfòmasyon medikal a pasyan yo nan yon lòt lang.
  • Entèpretasyon nan telefòn yon sèvis nan plis pase 200 lang ki disponib 24 èdtan.
  • Entèprèt Kalifye nan Lang Siy Ameriken pou pasyan ki soud ak/oswa konpayon yo.
  • Entèpretasyon Videyo a Distans (VRI) yon sèvis ki disponib 24 èdtan pou pasyan ki soud ak/oswa konpayon yo.
  • Sèvis ak èd oksilyè pou moun ki mal pou tande, avèg, oswa ki gen pwoblèm vizyon.
  • Afichaj miltileng ki afiche nan tout zòn prensipal ki gen pasyan ki ospitalize yo ak sa ki an konsiltasyon ekstèn yo. Pano ki montre Patient’s Rights (Dwa Pasyan), Notice of Non Discrimination (Avi sou Non Diskriminasyon,) ak Notice of Interpretation Services (Avi sou Sèvis Entèpretasyon) yo afiche nan zòn prensipal pasyan yo nan lang prensipal lopital la.
  • Fòmilè, dokiman ak lòt materyèl miltileng yo bay yo a pasyan nou yo ki gen Konpetans Limite nan Angle (LEP, Limited English Proficient) nan lang yo prefere a.

Anplis sèvis sa yo, anplwaye Flushing Hospital Medical Center yo edike epi fòme sou pwosedi ak règleman sou èd nan lang. Tout anplwaye yo jwenn enfòmasyon sou yon varyete sijè ki pètinan pou èd nan lang, ki gen ladann : enpak lang kòm baryè sou swen pasyan, idantifkasyon lang pasyan an prefere, kijan pou mande sèvis yon entèprèt, ak konpetans kiltirèl.

Pou kontakte Pwogram Èd nan Lang Flushing Hospital’s la, tanpri rele Kowòdinatè a nan 718-670-8776.